Entansyon Chaplè Misyon Mondyal 4-17 Jwen 2012
Entansyon jeneral chaplè - Se pou Granmèt la nan mizerikòd diven li, a travè entèsesyon la sent vyèj Mari, kapab bati wayòm li, se pou li fè mèvèy li yo prezan nan lavi nou, se pou li ban nou kouraj nan misyon nou, se pou li vini ede moun pou ki nou priye yo.
Afrik ( pèl vèt)
Entansyon - Se pou Senyè Jezi a travè entèsesyon Sent Mari Notr-Dam Afrik, sen patron Afrik, kapab vini ede moun ki viktim bonbadman nan zòn Nairobie nan Peyi Kenya. Se pou Bondye ede moun ki touche pa katastròf lèzòm ak lanati koze an Afrik.
Loseyani (pèl ble)
Entansyon -Se pou Senyè Jezi a travé entèsesyon Sen Grat Aost, sen patron kont atak bèt yo, kapab vini ede moun ki viktim atak kayiman nan peyi Endonezi. Se pou Bondye kapab vini ede moun ki touche pa katastròf lézòm ak lanati koze an Loseyani.
Lewòp (pèl blanch)
Entansyon - Se pou Senyè Jezi pa entèsesyon Sent Katrin de Syèn, sen patron peyi Itali, kapab vini ede moun ki te viktim tranbleman tè nan zòn Nò peyi sa a.Se pou Bondye kapab ede moun ki viktim katastròf lezòm ak lanati koze an Ewòp.
Amerik (pèl rouj)
Entansyon-Se pou Senyé Jezi a travè entèsesyon Sen Guy, sen patron kont atak bèt yo, kapab vini ede moun ki touche pa raj nan peyi Perou. Se pou Bondye kapab ede moun ki viktim katastròf lèzòm ak lanati koze an Amerik
Azi (pèl jòn)
Entansyon- Se pou Senyè Jezi a travè entèsesyon Sen-Bab, sen patron peyi Siri, kapab vini ede moun ki viktim vyolans nan peyi sa a. Se pou Bondye kapab vin ede moun ki viktim katastròf lèzòm ak lanati koze an Azi.




