28mas-3 avril
Entansyon jeneral chaplé – Se pou Granmet la nan mizerikód diven li, a travé entésesyon la sent vyéj Mari kapab bati wayóm li, se pou li fé mévéy li yo prezan nan lavi nou, se pou li ban nou kouraj nan misyon nou, se pou li vini ede moun pou ki nou priye yo.
Afrik ( pél vét)
Entansyon – Se pou Senyé Jezi a travé entésesyon Sen Lufthild, sen patron san abri yo, ak ti moun ki viktim abi yo.kapab vini ede moun ki viktim vyolans ak deplasman nan peyi Kot Divwa. Se pou Bondye ede moun ki touche pa katastróf lézom ak lanati koze an Afrik.
Loseyani (pél ble)
Entansyon -Se pou Senyé Jezi a travé entésesyon Sen Agat de Sisil sen patron Kont volkan. kapab vini ede moun ki viktim eripsyon ki te fet nan Karangetang nan Peyi Endonezi..Se pou Bondye kapab vini ede moun ki touche pa katastróf lézom ak lanati koze an Loseyani.
Lewóp (pél blanch)
Entansyon – Se pou Senyé Jezi pa entésesyon Sen Ibè de lyèj sen Patron moun ki ap travay ak metal yo. kapab vini ede moun ki te viktim manifestasyon nan Peyi Beljik. Se pou Bondye kapab ede moun ki viktim katastróf lezóm ak lanati koze an Ewóp .
Amerik (pél rouj)
Entansyon-Se pou Senyé Jezi a travé entésesyon . Sent Lisi De Serakis, sen patron kont epidemi yo.kapab vini ede moun ki te viktim kolera nan peyi Ayiti. Se pou Bondye kapab ede moun ki viktim katastróf lézom ak lanati koze an Amerik
Azi (pél jon)
Akita
Entansyon- Se pou Senye Jezi a travé entésesyon sent Mari notre dam de Akita sen Patron Japon. kapab vini ede moun ki viktim tranbleman de tè, sutnami ak eksplozyon ki te fèt nan vil fukushima nan piyi Japon. Se pou Bondye kapab vin ede moun ki viktim katastróf lézom ak lanati koze an Azi.